top of page

Madan Wa

Nan bouk Laskawobas, te gen yon koutiryè tout timoun te konnen. Yo rele li Madan Wa.

Depi yon timoun abiye tankou yon pan, ou pa bezwen mande kiyès ki koud rad la. Se Madan Wa.

Se li ki te koud inifòm lekòl, ak kouti byen dwat ki pa janm tòde. Se li ki te koud rad legliz, ak koulè dimanch maten. Se li ki te koud rad sòti, ki klere anba solèy. Menm rad timoun mete nan kay pou kouri, jwe, sal rad la, se Madan Wa ki te fè yo tou.

Timoun yo te renmen li, paske li pa t janm fè yo parèt neglije. Avèk Madan Wa, tout timoun te bèl, menm menm sila yo ki te konn doute tèt yo. Yo te sezi wè kijan li te konn pran yon mòso twal ki pa sanble anyen, epi epi li ba li fòm, koulè ak lavi.

Galeri kote Madan Wa te chita ap koud la te toujou plen bout twal atè a. Ti moso wouj, ble, vèt, jòn, tankou lakansyèl  ki te kase an ti mòso. Timoun yo te renmen gade yo, chwazi koulè yo renmen, epi imajine ki rad yo t ap vin ye; tifi yo menm te konn pran ti moso twal yo pou fè bèl ti rad sou poupe yo.

Lakay Madan Wa, machin a koud la pa t janm dòmi. Wrrrr… wrrrr… Pandan timoun yo ap jwe deyò, ap ri, ap kouri dèyè boul, son machin a koud la t ap bese w tankou yon ti mizik. Se ak son sa a anpil timoun Laskawobas te grandi.

Yon jou, Madan Wa fini koud yon bèl ti wòb. Li pann li devan galeri a. Lè timoun yo wè l, yo fè won. 

Gabi se ki te premye wè rad la avanse pre galeri a, “Gad on bèl ti wòb!”

Premye fraz chante a, atire lòt timoun ki vinn fèmen yon wonn sou li

“Wi chè!” Doudou reponn, pandan yo bat men. 

Yon ti fi chante “Kiyès ki fè l?”

Tout lòt yo gonfle vwa yo reponn ansanm “Madan Wa!”

Yon ti gason sote, li poze kesyon an ankò, “ A ki machin?”

“Machin a koud!”

Yo ri, yo danse, yo lonje dwèt sou rad la.

 “Vire pou m wè!”

Gabi vire nan mitan wonn lan, li imite wòb la k ap danse. “Men mwen!”

“Tounen ankò!”

“Men mwen!” Gabi vire pi vit

Lè sa a, timoun yo vin pi sere nan won an. Yo chante, yo danse, yo bat pye yo atè, jiskaske vwa yo melanje, jiskaske ri yo plen lakou a. Tout ansanm, yo chante byen fò pandan Gabi ap brase senti li:

🎶🎵

Kase filè!

Zèk ti machin nan an, epi stat!

🎵🎶

Yo rekòmanse chante a. Yo vire ankò. Yo danse ankò. Yo chante pou Madan Wa, pou men li, pou machin a koud li, jiskaske yo bouke, jiskaske souf yo koupe, jiskaske chalè solèy la fè yon bese.

Madan Wa souri, paske li konnen sa pa dènye fwa yo pral chante. 

Nan Laskawobas, lè timoun byen abiye, se pa pou fè jalouzi.Se pou fè chante. Se pou fè won. E se pou sonje ke dèyè chak bèl rad, gen de men ki renmen timoun.

bottom of page