Amizan
Edikatif
🏡
Avanti
🏡
Fanmi
Zanmi pa mache pou kont yo
Tande istwa a
Nan Dèlma 80, sou lari a, bò yon ponp gazolin, lakou Selin lan te toujou vivan. Yon machann pate te chita la chak jou, e pandan vakans la, tout timoun nan zòn lan te konn kase randevou la. Yo te vin achte pate, epi rete jwe, pale, ri ak zanmi yo pou yon bon bout tan.
Nan lakou a tout moun te konnen Maken. Pou moun ki pa t konnen, Maken se pitit mèt lakou a. Souvan, yo te konn wè l chita anba pye zanmann lan, ap gade lòt timoun yo jwe san li pa patisipe.
Yon lòt bò, te gen Reni. Reni se te pitit koutiryè ki fenk vini rete nan zòn lan. Chagren demenajman an pa t dire, paske li te byen vit konprann yon bagay: nan zòn lan, chak lakou li pase se te tankou lakay li. Zanmi te vin jwenn li san li pa t menm bezwen chèche yo.
Reni te toujou nan mitan bri a. Li t ap kouri, li t ap ri, li t ap rele non tout moun. Pou li, zanmitay se te jwèt, se te mouvman.
Yon apremidi, timoun yo te kòmanse teke mab. Mab yo t ap frape atè, vwa timoun yo t ap monte.
“Sispann fè koken!”
“Wi! Se pa ou ki te la!”
Nan tout vakam sa yo, Maken te rete sou kote. Mab yo te nan pòch li, men li pa t antre nan jwèt la. Reni, ki te konn obsève byen, remake sa.
“Poukisa ou pa vini jwe Maken?” Li mande.
Maken leve zepòl li. “Mwen pa twò fò nan jwèt la.”
Reni pran yon mab ble nan men li. “Jwèt la pa mande pou fò. Vini non. N ap moutre w!”
Maken chita nan tè a. Premye kout la pa bon. Mab la te ale twò lwen. Gen timoun ki ri. Reni pa t di anyen. Li ranmase mab la, li remèt Maken.
“Eseye ankò.”
Ti kras pa ti kras, Maken pran konfyans. Li rate, li frape, li aprann. Ri yo vin melanje ak konsèy. Lakou a vin pi cho, vwa timoun yo t ap mete anbyans.
Jounen t ap pase, timoun yo te fè plizyè lòt aktivite. Yo pase kay Sisi a bwè ji sitwon byen glase. epi yo fini ap sote kòd nan enpas kay Lala a.
Anvan ba jou kase, Maken te gen yon souri ki t ap fann machwè li an de.
Nan aswè a, lè manman yo rele yo pou antre, pou premye fwa, Maken pa t prese antre
“Mèsi.” li di Reni
“Poukisa?”
“Paske ou pa kite m pou kont mwen.”
Reni souri. “Lakou pa fèt pou moun rete pou kont yo.”
Depi jou sa a, Maken pa t chita anba pye zanmann lan poukò li ankò. Li te toujou nan mitan jwèt la, ak zanmi li yo.
Plis Istwa Pou w Eksplore
Chwazi pwochen istwa w la
Kont
Krèm 5 Goud
Tande ossa li istwa galeri madan Kawòl la, machan krèm bouk la.
Li Istwa a →
Istwa Lakou
Lakou Gèp
Vini pase yon aprè midi nan lakou Jano a. Yon lakou ki toujou gen bèl anbyans, men jodia li diferan
Li Istwa a →
Istwa
Koup di mond
vini viv koup di monda lan ak timón yo anca lcvil
Li Istwa a →